frè m ak sè m yo , Fanmi ak zanmi ki fè deplasman pou vini akonpanye nou nan moman difisil sa a, m salye Nou nan non Bondye ki gen tout pouvwa. Papa m t ap trè emosyone lè li tap wè jan nou tout rasanble pou nous rann li yon dènye omaj. Se pou sa emosyon avayi m nan moman sa a. TNan nom tout fanmiy lan di nou mèsi anpil pou sipò nou. Nan dat kite 18 Avril 2022, papa m kite nou yon fason rapid e nan anpil soufrans. Mérilas Minmé kite madanm, pitit , bofis , bèlfi , pitit pitit li yo ak tout zanmi l' yo san okenn mo. Menmjan Li te pami Nou , li te viv ak nou, se konsa li pati al viv kay Papa l' . Kimoun ki te Mérilas Minmé? Papa m' te fèt nan dat ki te 22 Me 1955, Nan department Nòdwès peyi D'Ayiti nan komín Jean Rabèl dezyèm seksyon Ginode. Se te pitit gason Mélissa Minmé ak Obert Viergina. Li te jèn anpil lè manman l' ak papa l' te kite l òfelen. Se sa ki fè li t'al kontinye viv ak fanmi li yo . Nan menm zòn kote l te grandi a li pral rankontre ak yon ti nègès ki se : " Mélida Félix" ke li pral' pran pou madanm li nan ane 1978.
Yo 2 a te jèn anpil lè yo te marye. Papa m' te oblije travay di anpil pou l' te ka reponn ak bezwen fanmi an . Toujou nan entansyon pou ede fanmi an nan ane 1989 li pati, kite tè d'Ayiti pou l' t' al chèche lavi miyò nan Naso Bahamas. Rive nan peyi Naso papa m' te vize ale pi lwen toujou pou l’al chèche lavi. Se konsa nan ane 1992 li te deside kite peyi Naso pou l' t' al etabli l' nan peyi Etazini. Papa m te yon moun ki te renmen tout moun. Li te sansib anpil, onèt respekte tout moun, li te renmen bay blag anpil lè li rankontre lòt moun. Lè li jwenn yon gita gade non se te plezi l' pou l' mete mizik atè. Malgre li te konnen anpil soufrans pandan ke li t'ap viv , sa pat anpeche l' ede epi konprann lòt moun ki nan soufrans. Papa m' te renmen travay anpil . Li te kwè anpil nan travay ak edikasyon. Malgre papa m pat rive lwen lekòl li te toujou lite anpil pou l' te pouse nou lwen lekòl. Li te ravay pou nou 10 pitit li yo te rive nan yon nivo. Non yo se : Tony Minmé , Emaude Minmé, Hubert Mane Minmé, Roseline Minmé, Lasner Minmé, Imanèse Minmé, Danet Minmé , Bruno Minmé Kennel Minmé ak Katia Minmé Papa m' te tèlman renmen travay, li te menm rive bliye pran swen tèt li. Tout bagay pral' kòmanse chanje pou li lè doktè te dekouvri ke li dyabetik nan lane 2007. Malaidi sik sa a te sakaje papa m anpil. Soti 30 Desanm 2020 pou rive Janvye 2021, papa m' te fè 3 operasyon nan 3 jou. Youn Nan kè l' , Youn nan kwis li , ak pye goch li ke doktè te koupe akoz maladi sik la ki t ap fè ravaj nan kò l'. Aprè tout operasyon sa yo, fanmi an te panse ke papa m t'ap ale chita paske li te gentan pran retrèt li . Kèk mwa aprè operasyon sa yo , li te deside repran volan machín li, pou l'al ede moun ki te nan bezwen . Se konsa yon bon jou li te leve li te di Nou li te santi li te ka retounen travay. Malgre tout rezon tout moun nan fanmi t'ap fè l' wè, li te chwazi tounen travay. Tout bòs travay li yo te renmen l anpil malgre tout bagay se ak 2 bra yo te akeyi l' e papa m' te renmen sa anpil. Lè li antre lakay se ak kè kontan pou l' ap pale de travay li. Yon Dimanch maten kite 20 Mas 2022, papa m' leve li te fè tout sa l te konn abitye fè : Abiye byen chèlbè ak tout bijou li sou li pou l te mennen Marie travay. Nan wout pou retounen lakay li, se konsa li te pase vizite yon zanmi. Se lakay zanmi sa a li pral' tonbe, tonbe sa pat senp se te yon "stroke " ke li te fè . Papa m' pran telefôn li, li te rele nou pou nou te ka vin' chèche l kote li te tonbe a . Se konsa anbilans te vin' chèche l' mennen l' lopital . Rive lopital la li te toujou ap kominike ak nou. Nou tout te gen espwa ke li t'ap sòti an byen lopital la . Chak jou ki te pase se te deteryore ke sante t'ap deteryore malgre tout efò ke doktè te fè pat gen okenn pwogrè. Se konsa aprè 30 jou soufrans, li te rann dènye souf li nan dat ki te 18 Avril 2022. Papa, devouman ou, jenerozite ou, Kouraj ou ak sajès ou ap toujou rete grave Nan memwa nou. Ou se te yon gason vanyan, Papa ou pati ou kite yon vid ke pèsòn pa ka konble.Papa li difisil pou nou aksèpte absans ou. Ou pati se pa pou al ede yon moun ki nan bezwen, ni pou ou al travay men ou pati pou letènite . Ou te toujou montre anpil kouraj nan tout moman difisil yo. Ou te swete gen viktwa sou maladi a men sa pat rive fèt. Jou nou yo difisil, men ou te fè sa ou kapab pou mete lajwa kote ou pase. Ou te yon moun ki jis, ou te renmen fanmiy ou e ou te alez ak tout moun. Ou te toujou gen yon mo pou remonte moral tout moun lè gen yon problèm. Tout pitit ou yo ak tout zanmi ou yo mete ansanm pou yo di ou : Mesi papa paske ou te toujou la. Mon cher papa, repose à présent en paix. Li mouri kite 10 ak 3 manman, non did kouraj ak Madam Marilas Minme (Ayiti) Elea Julmiste (Ayiti)Cerohthese PetitHomme (Florida) nou di kouraj ak tout pitit li yo: Minme Tony (Florida) Emoude Minme, Minme ,Hurbert-mane Dr. Roseline Minme, Ing. Danet Minme (St. Dom) Minme Imanese (Ayiti) Ing. Bruno Minme (st. Dom) Minme Kenel (Bahamas)Miss Katia Minme (Florida) Pitit spirit li yo: Minme fadelove Julien Shell-Flora, Julien Akeem Michondo, Adlis Chrissy, Minme Bijthovens, Gilene Grema, Gilien Bryan, Minee Behimaele, Minmo webens. Nou di kouraj ak fre ak sel yo: Cedieu Meriles, Meizien, Sadilieu, Norzina Minme. Nou di Kouraj ak Bofis et Belfis li yo: Celien Bebeto, Adelus Isnet, Julien Renel, Etienne Nose-Rael Marie, Salva Marie-Ronne, Jean-mary Phalone, St.Jean Lunese. Nou di kouraj ak bofre et Bel se yo: Ricene, Diles, Richenel, Mefanc, Mefril, Tes, Odanier, Ivenie, Aloude Felix. Madm Selifranc, Madam Nerssaind, Madam Maxene, Madam Pera, Madam Leconte, Jeanne Amozier, Merialia Julmiste. Madam Dadou Julmiste Sainte Velene. Nou did Kouraj ak Kouzen, Koukin, Nyes li yo: nou di kouraj ak An nou rebati Grinode. Nou di kouraj ak tout zanmi li yo. Kopuraj ak fanmiy: Minme, Felix, Julmiste, Obert Petit-Homme, Senozier. Ale an pe Mesye Merilas mine.